TEK AYITIAprann · Bati · Pataje
Akèy›Defi
Pratik · Nivo 1–3

Laboratwa Defi

14 defi pou w pratike sa w aprann. Chak defi gen yon endikasyon ak yon esplikasyon konplè. Tout bagay fèt sou paj sa a, ak done fiktif — pa gen okenn sistèm reyèl ki afekte.

Règ labo a

Defi sa yo se pou aprann. Pa sèvi ak teknik sa yo sou yon sit, yon kont, oswa yon rezo ou pa gen pèmisyon pou l. Nan prèske tout peyi, aksè san otorizasyon se yon krim — menm si w pa fè okenn domaj.

Rezoud: 0 / 14
Pwen: 0 / 220
Pwogrè w sove sou aparèy sa a sèlman.

Labo yo — zouti ou

Anvan w atake defi yo, pran yon minit pou w gade zouti yo. Se yo ki pral ede w nan prèske tout defi yo.

lab.tekayiti.local/login

Labo 1 — Fòm koneksyon

Yon fòm ki verifye modpas nan JavaScript. Se yon move pratik reyèl.

lab.tekayiti.local/paj

Labo 2 — Eleman kache

Sa w wè: yon paj nòmal. Sa ki la men w pa wè: yon eleman ak display:none.

FLAG{kache_nan_konsole_a}

Sèvi ak DevTools → Elements oswa ak konsòl la anba a:

document.getElementById('lab-hidden').textContent
konsòl · JavaScript

Labo 3 — Konsòl JavaScript

Yon vrè konsòl devlopè, pi piti. Tape yon ekspresyon epi peze Enter. Eseye: 2+2 · atob("YmFzZTY0X3NlX2Zhc2ls") · document.title. Se menm zouti a ki nan F12 → Console sou Chrome, Firefox, oswa Edge.

Tek Ayiti Console v1 — tape yon kòmand epi Enter.
>

Ide: document.getElementById('lab-hidden').textContent — se repons defi 2 la.

capture.pcapng · HTTP

Labo 4 — Yon pakè ki entèsepte

Yon analizè rezo kenbe yon demann koneksyon. Nan HTTP, tout bagay se tèks klè.

POST /login HTTP/1.1
Host: lab.tekayiti.local
User-Agent: Mozilla/5.0
Content-Type: application/x-www-form-urlencoded
Content-Length: 32

user=admin&pass=1290&remember=1
Kijan pou louvri DevTools

Òdinatè: F12 oswa Ctrl+Shift+I (Windows/Linux) / Cmd+Option+I (Mac). Sou Chrome/Edge/Firefox.

Android: si w pa gen DevTools, sèvi ak konsòl labo a anba a — li fè menm travay la pou defi sa yo. Pou wè sous yon paj sou telefòn, Chrome akize view-source: devan adrès la.

Sou telefòn: afiche sous paj sa a dirèkteman

Sa a se kòmansman kòd paj la (<head>) jan navigatè a wè l. Chèche FLAG ladan l. Se menm bagay ak View Source.

Defi yo

Kòmanse ak nivo 1. Si w bloke plis pase 10 minit, louvri endikasyon an. Si w toujou bloke, gade solisyon an — men li esplikasyon an, se la ou aprann.

Fini tout defi yo?

Si w rezoud 14/14, ou gen yon bon baz. Pwochen etap: monte yon laboratwa lakay ou (de machin vityèl), oswa pratike sou platfòm ki fèt pou sa (TryHackMe, HackTheBox, OverTheWire) lè w gen entènèt.