TEK AYITIAprann · Bati · Pataje
Akèy›Resous
Plan · Referans

Resous & plan aprantisaj

Yon wout 12 semèn pou w sistematik, ak tout sa w bezwen pou w kontinye poukont ou: glosè, pwojè selon bidjè, ak resous ki mache san entènèt.

Plan 12 semèn

Objektif: 2 a 4 èdtan pa semèn. Si w gen plis tan, fè plis — men pa sote etap yo. Chak semèn gen yon rezilta konkrè, pa sèlman lekti.

SemènSa pou w fèRezilta konkrè
1Li Rezo §1–6. Desine yon rezo kay sou papye.Ou ka eksplike IP, mask, DNS, ak pòtay.
2Fè yon kab RJ45. Konfigre yon ti rezo ant de aparèy.Yon kab ki teste bon, ak de aparèy ki fè ping.
3Li Sekirite. Fè tcheklist 20 minit la.2FA aktive, modpas chanje, Wi-Fi sekirize.
4Defi 1–7 (Web + Kripto).Omwen 5 defi rezoud ak yon kaye nòt.
5Li Kòd §1–6. Fè egzèsis 1–4.Ou ka ekri yon ti script ou menm.
6Bati yon pwojè kòd: kalkilatè pri, konvèti lajan, oswa yon paj wèb.Yon bagay ki mache epi ou ka moutre l.
7Li Sikui. Sèvi ak yon miltimèt.Ou ka mezire V, R, ak kontinwite.
8Bati yon limyè 12 V ak yon LED ak rezistans. Soude yon ti koneksyon.Yon sikui ki limen san boule.
9Li Solè. Kalkile yon sistèm ak kalkilatè a.Yon lis materyèl ak yon bidjè pou kay ou.
10Monte yon ti kit solè (limyè + chaj telefòn).Yon sistèm ki chaje yon telefòn.
11Fè yon pwojè konplè: kamera, Wi-Fi pou yon zòn, atelye chaj, oswa yon robo.Yon pwojè ki sèvi yon moun oswa yon kominote.
12Moutre yon moun sa w aprann. Ekri sa w ta fè pi byen.Yon nouvo teknisyen nan katye w.
Règ 20 minit

Si w pa gen anpil tan, fè 20 minit chak jou olye de 3 èdtan yon sèl fwa pa semèn. Memwa a pi bon ak repetisyon kout.

Sèvi ak sit sa a san entènèt

Sit la fèt nèt pou mache offline. Men kijan pou w pataje l:

  1. Kopye dosye a sou yon kle USB, yon kat SD, oswa yon telefòn.
  2. Louvri index.html ak yon navigatè. Tout paj yo ap mache — pa gen sèvè ki nesesè.
  3. Enprime leson ou vle (Ctrl+P). Fèy enprime yo pa bezwen batri.
  4. Pataje ak Bluetooth, Wi-Fi Direct, oswa yon lòt kle. Yon sèl kopi ka sèvi yon klas antye.
Pou yon bilbliyotèk offline

Gen aplikasyon ki pèmèt ou gen anpil kontni san entènèt: Kiwix (Wikipedia offline), Kolibri (leson pou lekòl), ak Raspberry Pi ki sèvi yon ti sèvè lokal. Yon òdinatè ak yon router ka bay yon klas antye aksè san entènèt.

Tradiktè: kreyòl → nenpòt lang

Sit la ekri an kreyòl ayisyen — se lang prensipal la, epi li rete konsa. Men si yon zanmi, yon elèv oswa yon patnè pa konprann kreyòl, ou ka tradwi paj la nan plis pase 70 lang.

  1. Klike sou bouton 🌐 Tradwi anba adwat ekran an.
  2. Chwazi lang ou vle a (pa egzanp Angle, Franse, Panyòl, Arab, Swahili).
  3. Klike «Tradwi paj la». Se premye fwa a ki bezwen entènèt.
  4. Pou retounen, klike «Retounen an kreyòl».

Ou dwe klike «Tradwi paj la» sou chak paj. Men chwa lang lan rete, epi tradiksyon an sove — kidonk li parèt vit.

Apre premye fwa a, li mache san entènèt

Chak fraz tradwi sove sou aparèy ou. Si w retounen sou menm paj la, menm san koneksyon, tradiksyon an ap parèt touswit. Se yon avantaj pou lekòl ak cybercafé ki pa gen entènèt estab.

De bagay pou w konnen

Konfidansyalite: tèks paj la voye bay yon sèvis tradiksyon (Google/MyMemory). Pa tradwi paj ki gen modpas, done kliyan, oswa enfòmasyon prive.

Presizyon: se tradiksyon machin. Tèm teknik yo ka pa egzak — pou leson yo, kreyòl la se referans lan.

Kòd ak kòmand yo pa tradwi (se eksprè): yon ping rete ping, yon flag rete menm jan an.

Pwojè selon bidjè w

💸 Prèske gratis

  • Laboratwa rezo ak de telefòn + yon router
  • Yon paj wèb pou biznis ou (HTML/CSS)
  • Script Python pou kalkile yon bagay
  • Odit sekirite pwòp kay ou ak tcheklist la
  • Reparasyon yon vye aparey pou rekòpere pyès

💰 Ti bidjè

  • Miltimèt + fer soude + rezistans + LED
  • Kab RJ45 + pens krimpe + testè
  • Kit solè 50–100 W pou limyè ak telefòn
  • Arduino oswa ESP32 pou premye pwojè otomatik
  • Yon robo ki evite obstak (Arduino + HC-SR04)
  • Paramèt Wi-Fi pou yon ti biznis

🏗️ Pwojè kominote

  • Wi-Fi pou yon lekòl oswa yon bibliyotèk
  • Pòs chaj solè pou yon mache
  • Kamera sekirite 12 V pou yon boutik
  • Pòmpe dlo solè pou yon jaden
  • Fòmasyon pou jèn nan katye w

🎓 Pou ale pi lwen

  • Yon laboratwa vityèl (VirtualBox) pou teste
  • Sètifika gratis: Cisco NetAcad, Google, freeCodeCamp
  • Pratike sou TryHackMe / HackTheBox (entènèt)
  • Li dokimantasyon ofisyèl (Python, Linux, Arduino)
  • Kontribye nan yon pwojè lokal

Glosè tèm teknik

Pifò tèm teknik pa gen yon tradiksyon fiks an kreyòl. Nou bay mo kreyòl la, epi mo angle/fransè a pou w ka chèche plis.

KreyòlAngle / FransèSa li vle di
RezoNetwork / RéseauAparèy ki konekte pou pataje done
Adrès IPIP addressNimewo idantite yon aparèy sou yon rezo
MaskSubnet maskSa ki di ki pati nan IP la se rezo a
PòtayGatewayAparèy ki mennen soti nan rezo lokal la
PakèPacketTi moso done ki vwayaje sou rezo a
PòtPortNimewo ki idantifye yon sèvis sou yon aparèy
SèvèServerÒdinatè ki bay sèvis bay lòt aparèy
Pare-feuFirewallBaraj ki filtre koneksyon yo
ChifremanEncryptionFè done yo lir san yon kle
Anprent / hashHashYon kod inik pou yon done (pa revèsab)
PhisingPhishingPyèj pa yon mesaj ki pretann soti nan yon moun ou konfyans
BakapBackupKopi sekirite done ou
VòltajVoltage / TensionFòs ki pouse kouran (V)
KouranCurrentKantite chaj k ap pase (A)
RezistansResistanceOpozisyon a kouran (Ω)
PouvwaPowerEnèji pa segond (W)
SikuiCircuitChemen kouran elektrik
SoudeSolderingKole metal ak yon alyaj ki fon
MiltimètMultimeterZouti pou mezire V, A, Ω
TèGround / TerreChemen sekirite pou kouran danjere
RoboRobotMachin ki santi, deside epi aji
AksyonèActuatorMotè, servo oswa lòt bagay ki fè mouvman
SansòSensorYon aparèy ki mezire yon bagay nan anviwònman an
KontwolèControllerMikwochip ki egzekite kòd robo a
KouplTorqueFòs wotasyon yon motè (N·m oswa kg·cm)
PWMPulse Width ModulationKontwòl vitès lè w limen/epenn kouran rapid
PIDProportional-Integral-DerivativeBouk kontwòl ki korije erè a
OdométriOdometryEstime pozisyon ak rotasyon wou
KinematiKinematicsRelasyon ant ang, longè ak pozisyon
Bouk fèmenClosed loopSistèm ki mezire rezilta epi korije
Panèl solèSolar panelModil ki konvèti limyè an elektrisite
Kontwolè chajCharge controllerRegle chaj batri a
EnvètèInverterKonvèti DC an AC (110 V)
DoDDepth of DischargePousantaj batri ou ka vide san domaj
Wh / AhWatt-hour / Amp-hourMezi enèji / kapasite batri
ModpasPasswordKle pou antre nan yon kont
2FATwo-factor authenticationDezyèm etap verifikasyon

Etik, lalwa, ak limit

Sit sa a anseye kijan bagay kase pou w ka repare yo. Gen yon liy klè ant aprann ak fè moun mal:

  • Pèmisyon alekri anvan w teste yon sistèm ki pa pou ou. Yon mesaj «mwen gen dwa» pa ase.
  • Pa janm antre nan yon kont, yon kamera, yon Wi-Fi, oswa yon sèvè san otorizasyon.
  • Pa detwi done — menm lè w gen pèmisyon, gen limit.
  • Pa vann zouti oswa «sèvis» pou atake moun.
  • Si w jwenn yon fay nan yon sit oswa yon biznis, avize moun nan — pa esplwate l.

Nan Ayiti, lalwa sou krim sibènetik egziste. Menm san konnen atik egzak la, prensip la klè: aksè san otorizasyon = ofans. Epi konsekans yo pa sèlman legal: ou ka detwi konfyans yon moun, yon biznis, oswa yon kominote.

Tcheklist enprimab

Enprime seksyon sa a epi kole l sou miray ou. Se yon plan senp pou chak mwa.

Chak mwa

  • ☐ Mete ajou òdinatè ak telefòn
  • ☐ Fè yon bakap epi teste l
  • ☐ Verifye modpas fèb (pa gen repetisyon)
  • ☐ Tcheke fich konfigirasyon Wi-Fi
  • ☐ Netwaye panèl solè yo (si w genyen)
  • ☐ Sere koneksyon batri yo

Chak 6 mwa

  • ☐ Teste restorasyon bakap la
  • ☐ Verifye estrikti panèl (sezon siklòn)
  • ☐ Chanje modpas Wi-Fi ak admin
  • ☐ Teste batri ak miltimèt

Chak ane

  • ☐ Planifye ranplasman batri
  • ☐ Revize plan sekirite a
  • ☐ Aprann yon nouvo konpetans

Pwogrè w

Leson fini0/7
Defi rezoud0/14

Done w yo rete sou aparèy sa a. Si w chanje navigatè oswa efase done yo, pwogrè a disparèt.

Lè w fin li plan an epi w chwazi yon pwojè, make leson sa fini.